Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

 

Gonayv,le 9 Septnb 2024

37e Edition de KOZE TIMOUN

          Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  37e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’1500 GOUD POU ELÉV 3e SIK  AK SEGONDÉ NAN LEKÒL PIBLIK YO ’’,se sijé tris sa nap  devlope jodi a.

Nan moman kote otorite edikativ yo nan peyi Dayiti ap travay pou pibliye rezilta pasyél ekzamen 9e AF yo pou ane akademik 2023-2024 la,yap travay tou sou anpil paramét pou fasilite antre akademik 2024-2025 lan.

Apré  ke nimewo 1 MENFP  a  nan peyi Dayiti,Mr Augustin Antoine te fi n anonse ke lekòl la ap ouvé pót li pou ane akademik 2024-2025 lan jou kap Madi 1er Oktòb 2024 kap vini an.Minis edikasyon an ki te gen avek li plizyé gwo chabrak ,pami yo premiye Minis la,Mr Garry Cinille lé li te fé anons sa devan Laprés Madi ki te 6 Dawout 2024 la  ,te pwofite  anonse ke gen yon anvlop de sink milya de Goud ki dispoze pou ede paran yo voye TIMOUN yo lekòl ane sa.Li te  pote presisyon pou di ke sink milya Goud sa kapab soutni anviwon 280.000 paran ,kote chak paran ka benefisye ant 15.000 a 20.000 Goud.

Kounye a,nan yon nót sikilé (note circulaire) MENFP  ta va anonse a tit de rapél a kominote edikativ la ke fré pou elév 3e sik  ak segondé yo nan tout lekól piblik yo pa dwe depase 1500 goud.Depi paran an fi n bay 1500 Goug sa,li pa gen pou l bay yon santim ankó paske se nan 1500 Goud sa yap retire tout lót fré tankou ekzamen elatriye.Yo anonse ke TIMOUN 1er ak 2e sik fondamantal yo,sa vle di elév soti nan 1ere AF  pou rive nan 6e AF pa gen men m 5kób Lesko pou yo peye nan pyés lekól piblik.Minis Edikasyon an pwofite,nan yon konferans pou laprés anonse ke gen sanksyon kap pran kont lekól ki ouvri pót yo anvan dat 1er Októb la epi pale sou lekól kap ekzige paran yo peye an ameriken yo ak lót lekól kap ouble /triple kób lekól yo.

Ché lekté,si nót sikilé sa ta vré,lé nou konnen movéz fwa anpil direkté nan lekól piblik yo ki pa jan m kontante,nan avarism yo,yap chache fé tout lojik  pou reklame lót fré nan men TIMOUN yo.Nan sans sa,fók Leta a ta gen des mesures coercitive kont tout direkté lekól piblik nan peyi a,pandan OECH ap ekzóte yo  pou fé yo songe ke Leta reklame 1500 Goud pou elév 3e sik ak segondé kóm fré pou tout ane akademik 2024-2025 lan epi li entédi pou pran men m 5sentim nan elév 1e ak 2e sik yo.

A swiv

 

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH