Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 09//06/2025

23e Edition de KOZE TIMOUN

Byenvini zanmi lektè nan 23e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

‘’LE 24e CONGRES ANNUEL DE LOECH A L’OCCASION DE LAJOURNEE  DE L’ENFANCE ’’, .

Zanmi lektè,pou selebre JOUNEN TIMOUN yo nan peyi d’Ayiti,OECH te òganize 24e kongré li avek TIMOUN yo soti 6 pou rive 8 Jen 2025 la anba tèm ‘’DROITS DE LENFANT EN HAITI ,ENJEUX ET PERSPECTIVES’’.Aktivite sa se egalman okazyon pou fè louyanj Segne a pou 24 tan OECH genyen depi lap travay ak TIMOUN yo nan peyi Dayiti.

An prelid,OECH te mete sou pye yon gwo KONKOU DE TÈKS ki genyen pou tèm  ‘’PWOBLÈM ENSEKIRITE A NAN APRANTISAJ TIMOUN YO’’ avek patisipasyon 25 kandida, elèv k 2e sik Fondamantal,3e sik fondamantal ak segondè,ki soti nan plizyè lekòl nan vil Gonayv .Men 6 kandida ki ta pral rive nan final yo :

1-Saraphina GERMAIN,elèv 2e sik nan Institution Mixte GENADA de Raboto

2- Widnaika HILAIRE,elèv 2e sik nan Institution Mixte Ev.d’Haiti de Raboto

3- Woodmia ISAAC,elèv 3e sik nan Institution Mixte la Ruche des Gves

 

4- Jean Gardy MICHEL,elèv 3e sik nan Institution Mixte la Ruche des Gves 5- Wilandiana OCCEAN,elèv segondè nan Institution Mixte Robert TITUS des Gonaives

6- Odianaica MONTELUS,elèv segondè nan Institution Mixte la Ruche des Gves

Dimanch 8 Jen 2025 la ,TIMOUN,kou granmoun te repon n prezan nan Alyans Fransèz vil Gonayv la kote te genyen konferans deba anba tèm ‘’DROITS DE LENFANT EN HAITI ,ENJEUX ET PERSPECTIVES’’ avek Met Didier PIERRE ak Ing.Kenold DECIMUS ki te sou panèl la,te genyen anpil animasyon pou TIMOUN yo ak final koukou de tèks la e 3 kandida sa yo ta pral sakre chanpyon :Widnaika HILLAIRE (2e sik ) ,Woodmia ISAAC (3e sik) ,Wilandiana OCCEAN (segondè).

Tout bagay te byen pase,kidonk 24e kongrè TIMOUN yo pou ane 2025 la se te yon reyisit gras a Dye.Ekip OECH la bay randevou pou 25e kongrè TIMOUN yo an 2026,yo te lanse enkripsyon pou CEFOPEG,ki se lekòl pwofesyonèl OECH genyen ki bay TIMOUN yo metye gratis chak gran vakans.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.