Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASHÂ : 3764-7217Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â NATCASH: 4273-4760Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â ZELLÂ Â Â Â Â Â Â Â Â :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE
Gonaiyv,le 06/01/2025
1ere Edition de KOZE TIMOUN
     Zanmi entènot mwen yo,nou fenk ap kòmanse ane 2025 la,nou nan premyè semèn nan ane a epi se premyè edisyon KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan..Map pwofite raple nou tèm pouane 2025 lan ki se ‘’UNE CONSECRATION RETROUVEE’’ (juges 16 :22-30).Mo ‘’KONSEKRASYON’’ an ,kote li soti nan lang laten an vle di ‘’DEDYE A’’.Sou plan espirityèl ak teyolojik li vle di ‘’DEDYE A BONDYE’’/METE W AP POU SÉVI BONDYE/OFRI VI OU POU FÉ VOLONTE BONDYE’’.Men sou plan sosyal ak patriyotik li ta vle di ‘’METE W APA OUBYEN BON SANTIMAN POU SÉVI PEYI W’’.
Pou nou retounen nan sijè nou an ki se ‘’’INCULQUEZ AUX ENFANTS LES PLUS BONNES MANIERES’’.Nou dwe konsidere mo ‘’MANIERE’’ la ki vle di ‘’FASON W KONPÒTE W/AJI’’ eksetera.Ebyen jodi a,nou dwe sensè pou nou di anpil fwa nou repwoche fason TIMOUN yo konpote yo,fason yo aji.D’ou la necessite d’ ’’INCULQUER AUX ENFANTS LES PLUS BONNES MANIERES’’.Se dabò travay paran yo.Lontan,yon TIMOUN pat ka oze l pou lap di oubyen chante nenpòt chante sou granmoun,jodi a ou wè TIMOUN nan anba galri lakay li,anba bye ki devan lakay li,yap fè mizik e sa kap di nan mizik la,sa pawòl men m ak kas nan zorèy TIMOUN pa tap pran chans pou lap tande lontan,jodi yo bay radyo tout volim e TIMOUN nan li men m tou lap chante byen fò san li pa santi li jennen pou prezans vwazinaj e men m paran li.
Nou konstate ke gen twòp paran iresponsab/tout voum se do/lese fè,kip a pran swen pou ’’INCULQUEZ AUX ENFANTS LES PLUS BONNES MANIERES’sa koz nasyon an ap plonge plis chak jou nan labim.
Nan sans sa, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) /Droits de l’enfant,ap ekzòte paran yo pou angage yo pandan ane 2025 lan pou ’’INCULQUEZ AUX ENFANTS LES PLUS BONNES MANIERES’’,se yon n nan bagay ki ka pèmèt sosyete a rale yon souf.
     ’’INCULQUEZ AUX ENFANTS LES PLUS BONNES MANIERES’’,tel est le souhait de , l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) /Droits de l’enfant pour cette annee 2025.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH