Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Santé

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 10/02/2025

6e Edition de KOZE TIMOUN

         Byenvini zanmi lektè nan 6e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

         ’’KÈK REZON KI FÈ MANMAN YO DWE BAY TI BEBE YO TETE’’,  se sijè entèresan sa nap devlope jodi a.

Chè lektè,semèn pase a,mwen te komanse pale de ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ ki se yon n nan mwayen ki plis efikas pou pwotege/prezève sante tibebe a epi asire survie li.Se sa ki fè jodi a peyi Kanada ,pa ekzanp komanse pran konsyans de enpòtans ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ pou sante sante ti bebe yo ak manman yo ,se sa ki fè OECH ap konseye manman yo pou bay ti bebe yo tete jiska 2 zan e men m plis.

Jan mwen te pwomèt li a,jodi a nou pra l wè pou pi piti 10 rezon ki fè yon manman dwe pratike ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’.Malerezman sitou jèn manman yo pa vle bay TIMOUN tete paske yo di :tete yo ap long,tete yo ap tonbe’’.Mwen pap sispan n ban ou verite sa medam,si nou  vle rete ak  tete  doubout,pa fè pitit e pou nou pa fè pitit ,fòk nou pa fè sa moun fè ki fè moun  fè pitit.

Premyè rezon ki fè yon manman dwe pratike ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ se yon rezon nitritif :lèt manman an genyen tout sa ti bebe a bezwen pou li grandi epi devlope tankou :proteyin,glisid,matyè gra,vitamin ak minero ki kapab pèmèt tibebe a byen digere.Se manman an ki pwodwi pwòp lèt li gras ak sa ke yo rele ‘’les glandes mammaires’’.

2-Pwoteksyon :lèt manman an pwotege tibebe  kont yon seri de maladi tankou: enfeksyon gastro entestinal ak respiratwa,dyare ,alèji,ekzema e men m dyabèt lè l ta vi n gran.Lè dakò  kom  manman pou  bay tibebe a tete,men m ou  men m ou pwotege kont yon seri de maladi.

Premye lèt la ke moun save yo rele kolostwòm nan  bon anpil pou tibebe a.Moun kap viv nan zòn rekile yo,kon n pire premye lèt la jete.OECH ap ekzòte nou pou nou pa fè sa ankò.Pou rezon sa,otomatikman yo fi n netwaye ti bebe ,mete tete a nan bouch li poul ka jwen n kolostwòm nan ki ta genyen yon ti koulè jo n.

3-Se pou devlopman kognitif ti bebe a oubyen lyen afektif li avek manman an :anpil etid montre ke tibebe ki tete a bay plis rezilta lekòl.Anplis de sa,atachman sa (kontak kò akò sa) avek manman an pral devlope sosyalizasyon kay TIMOUN sa lè li vi n gran.

OECH/DWA TIMOUN ko m oganis de  defans ak pwoteksyon DWA TIMOUN bat bravo pou lopital HPG nan Gonayv kap eksperimante yon pwogram ki rele ‘’amis des bebes’’,kote depi ti bebe a fenk fèt ,yo mete l kouche sou vant manman li.Pa gen kesyon bèso pou tibebe nan espas sa ki rele ‘’amis des bebes’’,yon fason pou tibebe a jwen n enèji oubyen chalè kò manman an gras ak kontak kò ak kò sa.

A swiv

         Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.