Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 14/04/2025

15e Edition de KOZE TIMOUN

          Byenvini zanmi lektè nan 15e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

        ‘’LÈ TIMOUN NAN  RENEMEN,TOUT MALÈ KA RIVE L ’’se sijè trajik sa ke nap devlope jodi a.

Zanmi lektè,chak jou nou leve,nou jwen n TIMOUN yo o devan de la sèn,e nan ak yo,anpil fwa TIMOUN yo  kon n jwe wòl aktè epi pyès yo kon pote tout non :tragedi,komedi,tragi-komedi,pou m site sa yo selman.

Chè paran  tande sa byen :TIMOUN pa ka nan renemen,lè TIMOUN nan relasyon lanmourèz,tout malè ka rive l.Non selman ansent ka met pye, lanmò ka met  pye tou,e sesi pplizyè paramèt kon n a la baz de lanmò sa.

Gen yon TIMOUN,yon tifi ki rele Daphca Jean Baptiste ki genyen selman 15 zan ,li nan NS1 ,li mouri anba kout kouto yon lòt TIMOUN ki rele Exil Nathalie ki nan 8e AF.

Trajikomedi sa pase nan 4e seksyon kominal St Marc,nan yon zòn ki rele Maya.Yo  abite nan men m katye,yo  lekol  men m  kote e yo genyen yon menaj pou yo 2.Mezani ,nan ki sa nou pran la ?TIMOUN lekòl yon n ap touye lòt anba kout kouto pou gason.Aksyon sa yo pa aksyon TIMOUN ,se aksyon veritab koutri/matlot mwen te kon n tande kap aji konsa.

Daphca te ka nenpòt gwo moun nan sosyete a,men li pèdi lavi li bonè nan yon kondisyon ki  trè sal pou m pa di trè lèd.TIMOUN mwen yo,OECH mande nou kenbe respè nou paske TIMOUN pa kon n nan renmen.Nou men  m paran,redouble de vijilans,paske anpil fwa malè sa yo ak anpil lòt kon n rive TIMOUN yo sou konplisite nou ko m paran paske nou pa asime responsablite nou.

Kom avangadis map fini pandan map mande tout peyi a fè mesag sa pase pou OECH :TIMOUN  pa ka nan  renmen,depi yon TIMOUN tonbe  nan renmen ,si se pa jodi se demen,nenpòt,e  vreman nenpòt malè ap rive l,tifi kou ti gason,n a di m te di nou sa.

 Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

          Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc