Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 4/04/2025
18e Edition de KOZE TIMOUN
Zanmi lektè,pandan ke OECH ap mete gwo aktivite pou ankourage epi valorize TIMOUN yo kote sitou avek gwo KONKOU DE TÈKS sa kote OECH ap mete 24 kandida nan 2e,3e sik fondamantal ak segondè a lonè ,yon lòt kote gen moun kap devalorize yo e men m rive vyole yo seksyèlman.
Denye zak de briganday sa pase Lendi 21 Avril la nan zile Lagonav,komin Pwent a Rakèt,sitou nan yon zòn ki rele Boukan Lotore.Yon mesye ki rele Angelot Jean vyole seksyèlman yon fiyèt ki genyen selman 9 van.Daprè tout enfòmasyon ki rive jwen n sal redaksyon OECH la,aksyon sa pase pandan ti pitit la al fè bezwen li nan yon rak bwa,Angelot poze lapat sou li e vyole li.
Aksyon sa soulve kòlè popilasyon an,men Fòs de lòd mete Angelot Jean nan Gadavi ,men ti pitit la ap pran swen ke ka li nesesite nan yon Sant Sante ki nan komin nan.
OECH DWA TIMOUN ap mande JISTIS pou TIMOUN nan ak tout fanmi li pandan ke OECH ap mande ak Leta Ayisyen pou asime responsablite yo ,paske si te genyen afrastrikti sanitè sa te ka pa rive.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.