Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 03/02/2024

5e Edisyon de KOZE TIMOUN

          Byenvini zanmi lektè nan 5e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

          Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu) chak Lundi ak Vendredi 9h15 nan aswè sou Radio Vision 2000 (98.1) rezo Latibonit la ak sou  Chanèl  Youtube epi sou paj FB   l’OECH la ak  sou sit Web de l’OECH ki se  www.oech.org ,ak sou anpil lòt Radyo.

         ’’ALLAITEMENT MATERNEL, se sijèpou jodi a.

Chè  lektè,,prete m je nou pou ka byen li epi konpran n sijè nap devlope jodi a ki se ’’ALLAITEMENT MATERNEL.Map pwofite salye tout manman kap bay tete ,san mwen pap bliye papa yo tou ki dwe montre anpil enterè pou sijè sa paske li kesyon de sante TIMOUN yo,sitou tibebe yo.

Petèt gen moun kap di :men Pasteur Dufeu ki sa ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ la ye ?Ebyen pou m repon n nan fason ki pi senp la,map di ke ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ se yon n nan mwayen ki plis efikas pou pwotege/prezève sante tibebe a epi asire survie li.Yo pale de  ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’, lè yon manman dakò pou li bay tibebe a tete e selman tete pandan 6 premye mwa yo e lè sa yo pale de ’’ALAITEMENT EXCLUSIF’’.

Yon manman ki dakò bay pitit li tete,se yon manman ki montre yon amou ekstraòdinè pou tibebe li a,amwens ke ta genyen yon rezon majè ki anpeche li bay tibebe a tete.Paske lèt manman an se aliman/mange de chwa bebe a  e lèt manman an genyen tout sa tibebe a bezwen san pyès risk sitou pandan 6 premye mwa yo.Se sa ki fè,l’Academie Américains des Pédiatres (AAP) ankouragee men m rekòmande pou bay tibebe yo selman lèt manman pandan 6 premye mwa yo epi aliman solid apropriye soti nan lòt 6 mwa pou rive  nan 12 mwa.Lè sa a,manman sa antre tèt li direkteman nan sa ke MSPP ap prone jodi a ki se l’Alimentation du Nourisson et du jeune Enfant dans les situations d’Urgence  (ANJE-U) .E sou track sa map salye Reseau Haitiens des Journalistes de la  Sante (RHJS) ak Dr Calistin Dieudonne ,ki se responsable de la Commission Medicale de l’OECH.

Manman yo, ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ se yon bon bagay.Li bon e pou manman an e pou tibebe a.Genyen pou pi piti 10 rezon ki fè yon manman dwe pratike ’’ALLAITEMENT MATERNEL’’ e map devlope yo nan pwochèn edisyon an.Malerezman sitou jèn manman y opa vle bay TIMOUN tete paske yo di :tete yo ap long,tete yo ap tonbe’’.Men ekoute medam,si nou  vle rete ak  tete  doubout,pa fè pitit e pou nou pa fè pitit ,fòk nou pa fè sa moun fè ki fè yo fè pitit

A swiv

       Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH