Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media Santé

43e Edition de koze timoun-lundi 23 Octobre 2023

Zanmi lektè ,mwen kontan pou m pote pou nou 43e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’DRAME ENFANTINE A GAZA l’’.Se sijè tragik sa nap devlope Jodi a.

Zami lektè, se toupatou nan mond lan lavi TIMOUN yo menase,gwo menas ki pandye sou tèt TIMOUN yo pouse OECH pou l kontinye gen pwojektè li yo limen chak jou.Pou rezon sa,OECH ap infome nou de sitiyason trajik TIMOUN yo nan Gaza,kote yap tonbe pa ban n e pa pakèt,yon sitiyasyon ke OECH deplore enègikman.

Nan gwo konfli ki eklate ant Palestine ak Izryel la,Izryel fè yon denye frape la 7 Oktob pase a,kote gen 700 (setsan) TIMOUN ki tonbe yon sel kou nan dand de Gaza,selon sa otorite Palestinyèn yo rapóte.

Nan indignasyon li,OECH ap mande ak UNICEF,prese prese  pou fè dilijans pou pote sekou san kondisyon bay tout TIMOUN ki nan band de Gaza e men m ak tout peyi a paske ‘’DWA  POU VIV/DROIT A VIE’’,se yon n nan dwa fondamantal ke TIMOUN yo genyen.Sitou nap avanse a gran pa nan JOUNEN ENTЀNASYONAL DWA TIMOUN’’ e nan okazyon 10e edisyon KARAVA N SEMЀ N DWA TIMOUN’’ ke OECH ap óganize soti 19 pou rive 26 novanb 2023 a,OECH ap kontinye pran angagman li pou di ‘’FóK DWA TIMOUN YO RESPEKTE’’

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.