Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 28/04/2025
17e Edition de KOZE TIMOUN
Gwo KONKOU DE TÈKS sa ki konsène elèv ki nan 2e ak 3e sik Fondamantal epi sa yo ki nan nivo segondè.Atravè gwo KONKOU DE TÈKS sa,OECH ofri TIMOUN yo yon posibilite anplis pou yo reflechi sou 2 aspè kle nan sosyete a ki se EDIKASYON ak ENSEKIRITE
Ban m presize pou nou ke objektif KONKOU DE TÈKS sa se ‘’ankourage TIMOUN yo pou yo LI ak EKRI .Nan KONKOU DE TÈKS sa,tèks 3 premye loreya yo ap pibliye sou sit entènèt OECH la ki se :www.oech.org epi yo chak ap resevwa yon tablèt nan gwo final la kap fèt nan Alyans Fransès Gonayv la jou kap dimanch 8 Jen 2025 la nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN yo.
Deja genyen plizyè direksyon lekòl ki soumèt lis kandida yo tankou :L’ecole Communautaire de la Saline,Institution Mixte Ev.d’Haiti,Institution Mixte la Ruche des Gonaives,Institution Mixte Cherelus Wilguens,Institution Mixte GENADA,Institution Mixte Howard Earl Gardner. Sa fè o total 16 kandida nan 2e ak 3e sik Fondamantal ak segondè ki déjà enskri pou premyè faz KONKOU DE TÈKS la ke OECH ap òganize pou ankourage lekselans kote TIMOUN yo.
OECH envite direktè lekòl yo pou montre enterè pou aktivite entèlektyèl sa,pwiske se direksyon lekòl yo ki dwe enskri kandida yo.Tout direksyon lekòl ki manifeste dezi pou yo ta patisie nan KONKOU DE TÈKS sa,yo kapab pase nan biwo OECH la ki nan ryèl Efèz #20/Asifa oubyen rele nan 4273-4760/3764-7217.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.