Droits de l'Enfant Information Koze Timoun

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 7 Oktob  2024

41e Edition de KOZE TIMOUN

          Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  41e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’KRIMINÉL YO PA SISPAN N KOMÉT KRIM SOU TIMOUN YO’’,se sijé tris sa nap devlope jodi a

‘’Nous devons a nos enfants ,les plus vulnerables de toute societe,une vie a l’abri de la violence et de la peur’’.Nelson mandela,Homme d’Etat Sud-Africain,dirigeant historique de la lutte contre le système politique institutionnel  de la segregation raciale.

Ché lekté,aksepte mwen komanse  avek panse sa pou m ka  eksprime vilnerabilite TIMOUN yo.Anpil fwa  se Leta nou an ,sitou aparéy Jistis la ki raan n TIMOUN yo plis vilnerab paske bouro yo twó lib, yo pa pige pén n yo jan lalwa mande l la.

Bouro /kriminél yo tout kote,yo nan tout kouch nan sosyete a,e anpil fwa se moun nou pa tap jan m panse.Se poutét  sa , l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH),kó m avangadis  (avagardiste) ap kontinye sone sonét dalam nan pou mande paran  yo pou pran plis prekosyon toujou avek TIMOUN paske  yon lót fwa ankó kriminél, asasen yo tout kote e nap  mande ki moun nou dwe/ka  fé konfyans ak TIMOUN nou yo ,lé yon  moun ap vyole pwóp ti nyés li ki genyen selman 8 tan ?Ou sezi ?Bon sak pi réd la men m moun sa amize li pou vyole pwóp pitit li ki gen selman 9  van,ki kote sa ap rive mezanmi ?Kóman yon papa ka santi  san l  manche pou pwóp pitit li ,souple ki genyen selman 9 tan ?Sa yo anonse tout bou vre ke Jezi pa lwen pou l retounen.

Dram sa pase tou pré nou nan komin St Marc,la cite de Nissage Saget,dans le departement de l’Artibonite Mékredi ki te 18 Septanb 2024 la.Yon mesye ki rele Pierremeont Cetoute ki rete nan zón Maya,jan mwen di  a nan komin St Marc ,amize li pou fé féks ak 2 TIMOUN ki rete nan kay la avek li kote men m pwóp pitit pa l pa epanye.Map rele anmwey mezanmi paske krim sa yo aussi insuportable  au meme niveau avek chef gang kap pran moun tou vivan krible yo anba bal paske yo kite yo pou ale nan lót baz.

Mezanmi se pou nou dakó ke ni chéf gang ki mete lót gang lan kanpe ki di ‘’kenbe sa nan men w’’ epi li grennen bal sou li ni papa kap fé seks avek pwóp pitit li a,tou 2 posede par des demons.Epi sa  m di a mwen fini,lé w nan nivo m,w a konpran n.

A swiv

 

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH