Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Réligion

Gonayv,le 01/04/2024

14e Edisyon de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  14e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’LANCEMENT DE LA 10E EDITION DU CONCOURS BIBLIQUE INTER-EGLISES A L’ENTENTION DES ENFANTS’’.Tel est le sujet a developpe aujourd’hui.

Zanmi lektè,mwen vi n pale w jodi a de gwo aktivite sa,ki se 10e edisyon ‘’KONKOU BIBLIK POU TIMOUN YO’’.Aktivite sa ap fèt an prelid a 23e kongrè  TIMOUN yo ke l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) òganize chak ane nan okazyon ‘’JOUNEN TIMOUN YO.

Konkou Biblik la pa selman gen aspè Biblik la ,jan non l di l la,men li gen yon aspè entèlektyèl trè pouse kap ede TIMOUN yo ekri ,li epi pi  byen konpran n  kreyòl la kò m lang manman ak papa nou.Sitou nou konnen ki efò Akademi lang Kreyòl la ap fè pou voye Kreyòl la monte pi wo chak jou,OECH deside ankourage sa epi angage l nan sa kòm òganizasyon ki la pou DEFAN epi PWOTEGE dwa TIMOUN yo.

Selon kritè yo,gen 6 ekip ki seleksyone pou patisipe nan 10e edisyon KONKOU BIBLIK ke OECH ap òganize pou TIMOUN yo nan lang Kreyòl la :L’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives,l’Eglise Plenitude,OECH,l’Eglise Nouvelle generation,EMEVI ak L’Eglise Mahalaleel.Se 6 legliz sa yo ki elijib/ respekte kritè pou patisipe nan 10 edisyon an.

Seremoni lansman an ap fèt Dimanch kap 7 Avril la a 4h PM nan L’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives (Aciphar ).Nan seremoni an kou danvwa a ap bay,kote premye match la ap jwe ant L’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives  ak l’Eglise Plenitude.Se pra l vreman yon evènman fenomenal kote tout moun envite pou swiv seremoni lansman 10e edisyon KONKOU BIBLIK pou TIMOUN yo.

Aprè premye match la kap jwe Dimanch 7 Avril 2024 nan L’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives , lòt match yo ap jwe chak Mardi 3h-5h PM an dirèk sou Radio Rapha (93.1 FM) nan emisyon K-FOUR DES ENFANTS epi final la ap gen pou fèt 9 Jen 2024 nan Alyans Fransèz (Alliance Française) Gonayv la .

A swiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH