Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 21 Oktob 2024
43e Edition de KOZE TIMOUN
‘’LES 3 PREMIERS LAUREATS EN 9E AF POUR LE DEPARTEMENT DE L’ARTIBONITE’’
Chers amis auditeurs et internautes,mesdames/messieurs,rezilta ekzamen 9e AF pou nae akademik 2023-2024 yo te pibliye e depatman Latibonit te klase an 4e pozisyon ak yon to (taux ) de reyisit a la wos (hausse),soit 83% konparativman ak lane dènyè ki te 76%.
L’Organisation des Enfants Chretiens Haitiens (OECH) salye direksyon Ledikasyon Nasyonal Latibonit la pou efò sa,kwak y opa montre ke yo twò satisfè de rezilta ,sitou Mèt Didier PIERRE,yon n nan direktè adjwen yo ki tap reyaji nan mikwo Pastè Dufeu.
Kolaborasyon direksyon Ledikasyon Latibonit la ak OECH,vya Mèt Didier PIERRE,nap prezante ou 3 premye loreya pou depatman Latibonit la nan 9e AF pou ane akademik 2023-2024 la,nan lide pou OECH kontinye bay kout men ak edikasyon nan peyi a epi valorize 3 TIMOUN sa ki fè onè depatman an ak etablisman eskolè yo afekte a.
- Rose Gardie Gerna JN- PIERRE,St Pierre Claver,1400 pts,M 8.75,14 ans
- Vano Weeshadly VERNISIER,Faustin 1er,1394 pts,Moy 8.71
- Snide Misterlie JN,Presbyterale de Marmelade,1348 pts,M 8.43,15 ans.
Map fini avek remak trè enpòtant sa :nan 3 premye loreya yo gen 2 fi yon gason,si m monte top 10 pou depatman an ke Direksyon Depatmantal la patage avek OECH la,nan 10 la gen 9 fi ak yon sel ti gason.Konparativman ak sa anpil mou n ap di,ti fi yo pa sou lekòl,pètèt rezilta 9e AF yo demanti sa.Mwen envite w tande Rose Gardie Gerna JEAN PIERRE,premyè loreyat depatmantal la ki tap repon n kesyon Pastè Dufeu nan sal datant kolèg Saint Piere Claver a ……………………
Map presize pou mwen te pale ak 3e loreyat la ki se Snide Misterlie JEAN,ki se yon TIMOUN ki pèsevere nan l’Eglise Chretienne Armee du Salut de Marmelade dirige par Past.Jn Robert GABRIUS epi direktè lekòl Presbiteral Marmelade la ,Mr Calixte DORSAINT ki te pwofite felisite OECH pou gwo travay sa,paske li se gras ak OECH ki fèl konnen lekòl li a bay 3e loreyat pou depatman an.Pou Rose Gardie ,se TIMOUN ki pèsevere nan L’Eglise Saintete a l’Eternel ki dirige par Past.Abel ST-HILLIEN,e fòk mwen di ke se te avek chalè Sr Rose Lilia,direktris Saint Pierre Claver a te resevwa nou e li men m tou,li te felisite OECH pou travay OECH ap fè a paske li di se gras ak OECH ki fè li konnen se St Piere Claver ki an tèt de lis pou depatman Latibonit la.Tout fwa,map reple ke nou te resevwa yon akèy espesyal nan koleg St Paul toua ne pase paske se yo ki te bay premye loreya pou depatman an.
OECH ap mande pou direksyon depatmantal la pou fè yon seremoni ofisyèl pou onore 3 TIMOUN sa yo ki loreya pou depatman an. .
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH