Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 7/04/2025
14e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 14e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Chè lektè,mo ensekirite a vi n telman popilè,ou tande li nan bouch tout moun :granmoun,jèn e men m nan bouch TIMOUN.Ensekirite a frape tout klas oubyen tout kouch nan sosyete a,klas bougwaz la ,moun ki nan klas mwayènn nan e men m moun ki nan mas la oubyen pèp la.TIMOUN,granmoun,jèn moun,yo pa selman pale de ensekirite a non,men yo viv li tou.
Ensekirite a transvèsal,li touche tout domèn nan vi nasyonal tankou :ekonomi,agrikilti,sante,religyon,edikasyon,pou m site sa yo selman.
Nan domèn ledikasyon ,ONU estime ke genyen plis pase lekòl ki déjà fèmen pòt yo selman nan depatman Lwès ak Latibonit.Ensekirite a telman ap galope,li deja sou plizyè lòt depatman.
Chè paran,zanmi oditè, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/dwa TIMOUN kom avangadis aplanse SOS sa pou fè nou konpran n ke gabay plis pase jan nou ta konpran n li a.L’ONU selman bay yon chif pou di konbyen lekòl ki deja fèmen pòt yo,men e lòt kote lekòl la ap travay men gen yon kantite TIMOUN nan men m lekòl sa kip a ka deplase pou vi n resevwa ti mos open lenstriksyon an ?Gen sa semèn sa yo vini,lòt semèn yo pa ka vini.
Ensekirite galopant sa pouse OECH/dwa TIMOUN pou kesyone fen ane eskolè a ,sitou ak ekzamen Leta yo.Ensekirite galopant sa fè lekòl prive yo ap galope avek TIMOUN yo sou pretèks pou yo ka gentan wè pwogram nan paske fen ane eskolè a ensètèn ,men ou ki rezilta?
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.