Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE
Gonayv,le 17/06/2024
25e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 25e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu) chak Lundi ak Vendredi 9h15 nan aswè sou Radio Vision 2000 (98.1) rezo Latibonit la ak sou Chanèl Youtube epi sou paj FB l’OECH la ak sou sit Web de l’OECH ki se www.oech.org ,ak sou anpil lòt Radyo.
‘’’OECH VLE TANDE EPI LONGE MEN BAY TOUT SITWAYEN KONSEKAN’’se sijè sa nap devlope jodi a.
Chè lektè ak entènot, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) se yon òganizasyon a but non lucratif,sa vle di li pa la pou l fè lajan,misyon li se DEFAN N epi PWOTEGE dwa TIMOUN pandan lap FOME epi ANKADRE TIMOUN yo vya yon apwòch olistik (holistique),sa vle di li wè TIMOUN yo nan tout globalite/entegralite yo.Leta Ayisyen bay OECH otorizasyon pou li fonksyone sou tout tèritwa Nasyonal la.
Nan denye jou 23e kongrè anyèl TIMOUN yo ki te dewoule anba tè m :‘’AN N BAY TIMOUN YO YON CHANS’’ soti 7 pou rive 9 Juin ,genyen yon chè Mèt avoka nan Bawo Gonayv la ki wè Pasteur Dufeu ,epi li di : ‘’FELISITASYON PASTEUR DUFEU,MEN OU BEZWEN PLIS MOUN AVÈ W’’.
Mwen konnen generalman ke lò m,sitou Ayisyen pa twò gen kilti pou felisite moun,men mwen ka fè yon dediksyon .Pou li,gen yon ti bagay ki pa ale.Mwen pa gen pretansyon ke OECH ka satisfè tout moun selon atant yo,men nou pran sa oserye,paske se pa nenpòt moun ki di sa ,se yon chè Mèt avoka.
Nan sans sa,OECH vle tande tout moun epi longe men l bay tout sitwayen konsekan ki ta vle bay yon kout men nan travay OECH ap fè a paske ekip la pa egoyis.Pou listwa e pou laverite,OECH pa byen prive ni Pasteur Dufeu ,ni pyès lòt moun nan ekip la,OECH se byen kominote a.Tout moun ki vle pote yon gren n wòch nan nouvèl sosyete sa ke OECH ap konstwi a,lap byenvini,e si ou pa ka pote yon gren n wòch se yon gren n sab ou ka pote lap bon itil.
Nan OECH,nou pa gen pretansyon ke nou fè tout sa nou ta dwe fè,men avek tikal ke nou genyen,nou kapab di nou fè anpil,paske OECH pa gen sipò Leta ni ONG ni lamisyon.Sitou pou vakans la nou deja mobilize pou nou bay TIMOUN yo metye gratis nan plizyè filyè gras ak CEFOPEG (lekòl pwofesyonel TIMOUN yo) ki se yon antite nan OECH.
Tout sitwayen konsekan,tout enstitisyon nan peyi a tankou sa yo ki aletrnge,OECH rele nou pou n vi n ENVESTI nan TIMOUN yo pou n ka genyen yon lòt sosyete.Pa rete deyò ko m espektatè,depi jodi a OECH rele w,li vle tande w epi longe men ba ou pou resevwa konsey ak don an nati tankou an espès.
Men tout fason ou ka jwen OECH :# 20,ryèl Efez,Asifa/Gonayv Ayiti,(509) 4273-4760 /3764-7217,oech.2001@gmail.com,www.oech.org.
Si OECH jwen n sipò w ,lap rive fè plis pase sa ou tap jan m imajine.OECH ap kontinye kriye : ‘’AN N BAY TIMOUN YO YON CHANS’’.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH