Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 22 Juillet 2024
30e Edition de KOZE TIMOUN
Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan 30e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Zanmi enténotapré 2 jou de seminé sou ‘’TECHNIQUE D’ANIMATION RADIO’’ nan dat 16 ak 17 Jiyé 2024 la,se nan yon anbyans festiv l’Organisation des Enfants Chretiens Haitiens (OECH) ta pral lanse pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN YO’’ jou ki te Vendredi 19 Jiyé 2024 la nan biwo li ki chita nan # 20,riyél Eféz /Asifa (Gonayv).
Se te avek anpil ké kontan,popilasyon an,TIMOUN yo,responsab pwogram yo,pwofesé yo elatriye te prezan nan seremoni lansman pwogram ‘’METYE GRATIS ‘’ la ke OECH mete pou TIMOUN yo pandan vakans 2024 la.Nan filozofi li,OECH pa dakò pou pyés TIMOUN pase vakans 2024 la san yo pa apran n anyen kò m metye manyél gras ak CEFOPEG (Centre de Formation Professionnelle des Enfants des Gonaives) ki se yon antite nan OECH ki sévi kòm bwa teknik ak pwofesyonél OECH.
Men kek metye OECH ap pémét TIMOUN yo apran n pandan vakans 2024 la :Carrelage,Technique Windows,Calligrafie,Videographie,Cosmetologie,Decoration,Serigrafie,Coupe/couture,Maroquinerie,Cuisine , etc.
OECH ouvri ak sponsò,sitou pou nou achte materyél pou etidyan yo fé pratik.Nap pwofite remesye Dr Michelot ki deja ofri tét li kò m sponsò.Si gen lòt sitwayen ki renmen travay OECH ap fé nan peyi a avek TIMOUN yo e ki ta vle sipòte pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN YO’’,rele nan : (509)4273-4760/3764-7217 oubyen ekri nan oech2001@gmail.com
C’était donc au micro,Pasteur Abceste DACEUS (Pasteur Dufeu),le president de l’OECH,et ca été la 30e eition edition de KOZE TIMOUN pour cette annee 2024
KOZE TIMOUN jwen n sipò :Radio Vision 2000,Radio Decibele,Radio Continentale,Emission Conexion,Radio Rapha,Emission K-Four des Enfants,Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives,GF e Co,pour toutes sortes de decorations.Radio Top FM,CEFOPEG,lekòl pwofesyonél TIMOUN yo.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH