Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 20//01//2025
3e Edition de KOZE TIMOUN
Ché lekté,nou deja ka konstate konsekans grèv sendika anseyan yo sou bon fonksyonnman lekòl la.Depi 2e semèn nan mwa Janvye 2025 la,aktivite eskolè komanse paralize sou tout teritwa nasyonal la, Vil Gonayv e men m depatman Latibonit la pa epagne.Elèv lekòl piblik yo oblige pran lari akoz profesè yo pa jwen n nan sal de klas yo,e yo men m mobilize pou pase twouble lekòl prive yo nan lojik si pa gen pou yon n,pa dwe gen pou lòt paske se yon sèl peyi,yon sèl lekòl,yon sèl edikasyon,yon sèl ekzamen.
OECHDWA TIMOUN ap atire atansyon sosyete a an general epi otorite yo an pitikilye ke lè TIMOUN lise yo pran lari,sa kon n koze gwo pwoblèm: enfrastrikti lekòl yo kon n andomage , tèt kase,je pete,pouyèt,pye kase e men kon n rive gen lanmò.Sa kon n rive nan moman elèv lekòl piblik yo al lage lekòl prive yo e lekòl prive yo ap fè rezistans,lè sa kon n genyen konfrontasyon.
Gen kek paran ki gen TIMOUN nan lekòl prive yo kap di yo peye kòb lekòl pou pitit yo,fòk pitit yo rete lekòl pou yo travay.Mwen panse ke nou pa dwe deplase deba nan kesyon peye kòb lekòl , an nou entèpele otorite yo pito pou repon n ak revandikasyon anseyan ki jis ,pandan ke nap mande ak sendika anseyan yo pou gade bagay nan tou 2 bò yo.
KOZE TIMOUN ap salye konpreansyon direktè lekòl prive yo ki ranvwaye elèv yo otomatikman TIMOUN lekòl piblik yo rive,e map raple paran yo ke direktè lekòl prive yo aji konsa se pou yo ka evite malè
Map fini ak konsèy sa yo :
1-Plas elèv lekòl pa nan lari/sou beton men se nan sal de klas (Leta Ayisyen)
2-Si li rive nou nan lari a,pa fè vyolans paske sa ka gen gwo konsekans sou avni nou (elè)
3-Pa gade nan bò nou wè se 9 la selman,men si nou gade nan lòt bò a nap wè se 6 li ye (pwofesè)
4-Pran otorite nou paske nan moman sa yo TIMOUN yo kon n pwofite fè lòt wout (paran)
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH