Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou

Gonayv,le 19//05/2025

20e Edition de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè,nan lide pou bay yon kout men ak sistèm edikatif  la, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) òganize yon KONKOU DE TÈKS  avek patisipasyon 25 kandida ki soti nan diferan etablisman  eskolè nan vil Gonayv kap dewoule anba tèm ‘’PWOBLÈM ENSEKIRITE A NAN APRANTISAJ TIMOUN YO’’  ki  konsène elèv ki nan 2e ak 3e sik Fondamantal epi sa yo ki nan nivo segondè  pou prepare 24e Kongrè  li nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN yo.

KONKOU DE TÈKS  sa ki genyen pou objektif  ‘’ENCOURAGER L’EXCELLENCE  ET DEVELOPPER L’ESPRIT DE  LA COMPETITIVITE DANS LE MILIEU SCOLAIRE’’ mete TIMOUN yo nan yon anbyans  kote yap reflechi epi prodwi des textes  nan nivo refleksyon ak konpreansyon  yo sou reyalite peyi selon tèm konkou a ki se  ‘’PWOBLÈM ENSEKIRITE A NAN APRANTISAJ TIMOUN YO’’.

KONKOU DE TÈKS  sa ke OECH/DWA TIMOUN òganize pou TIMOUN yo tèlman jwen n aval  popilasyon an melange ak satisfaksyon direktè lekòl yo ak patisipan yo ,nou ta va men m itilize tè m sa ‘’TOUT LE MONDE EN PARLE’’.Fòk mwen presize pou nou ke gwo final la ap fèt jou kap Dimanch 8 Jen 2025 la nan Alyans Fransèz vil Gonayv la a 4h PM kote Direktè Didier PIERRE ak Agr.Kenold DECIMUS ap sou panèl la kòm konferansye pou devlope tèm 24e  kongrè TIMOUN yo ki ‘’DROITS DE L’ENFANT EN HAITI,ENJEUX ET PERSPECTIVES’’.

Jiri men m ki prezide  par Enspektè Ilram LOREMA estime  ke TIMOUN yo gen anpil  potansyalite,selman yo bezwen plis moun ki pou panse pou yo tankou jan OECH ap fè l la kwak  anpil fwa OECH a jwen n konpreansyon .De tout fason,yo déjà atake 2e joune a avek ekspresyon sa   ‘’KE LE MEYÈ GAY’’.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.