Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 29 Juillet 2024
31e Edition de KOZE TIMOUN
Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan 31e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘ ‘’’YON TIMOUN 10 ZAN MOURI ANBA FLANM DIFE ’’.
Zanmi lekté,,chak fwa nan yon sosyete se otodefans kap fé lalwa,sa vle kote se sitwayen yo kap defan n epi bay tét yo sekirite,sa mete moun kap fé analiz yo nan sitiyasyon pou yo kesyone viktim yo.Otodefans lan eksprime la faiblesse la faible des institutions etatiques.
Ché konpatriyòt,,eske nou konnen ke OECH,kòm oganis de DEFENSE ET DE PROTECTION DES DROITS DE L’ENFANT’’ vreman pa jwen n mo pou li eksplike dram sa’’ YON TIMOUN 10 ZAN VIKTIM DE BWA KALE’’.Yo mete dife sou yon TIMOUN 10 zan tou vivan mezanmi.Quelle cruauté ?
Dram sa pase nan Pòtoprenssitou nan katye Solino Vendredi ki te 5 Jiyé 2024 la.Yo akize TIMOUN sa kò m antén pou gang yo,sa vle fé monte/desan n de yon ekstremite a yon lòt,tan n lé mou nap pase rele gang yo di sa.
Dapré enfòmasyon ki rive jwen n redaksyon OECH la,pandan yap mete dife sou TIMOUN nan tou vivan,li konfime ke se Barbecue men m ki te ba li djòb sa.Mezanmi koman nou ka konpran n pou Barbecue,le chef de gang toupwisan ta mande yon TIMOUN 10 zan fé yon bagay pou TIMOUN nan refize,sitou TIMOUN nan konnen yap ba li yon ti kòb kanmen m pou l achte marinad ?Men m sou prensip ‘’L’ENFANT N’A PAS DE CONSENTEMENT’’,kelkeswa jan sa ye a,yo pa ta dwe touye TIMOUN nan paske li se yon TIMOUN e nan tout sans TIMOUN yo dwe jwen n yon konsiderasyon espesyal.
Antouka,mési Leta peyi m,otorite,ansyen palmanté,lidé politik ak tout lòt moun ki mennen peyi a kote li rive la,jiskaske pou yap mete dife tou vivan sou TIMOUN 10 zan,paske yap bay TIMOUN kòb pou l achte marinad.
OECH ap kontinye travay pou bay peyi a yon kout men ,sitou nan pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN yo’’ pandan vakans la kote gen yon kantite ki soti nan tout kwe vi n nan lokal OECH la pou benefisye pwogram sa yon fason pou moun pa mal itilize yo pou kòb marinad.Malerzman,pa gen moun vre ki gen enteré nan pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN yo’’,ONG yo,otorite yo,lidé politik yo,sitou pou OECH achte materyél pou TIMOUN yo fé pratik.Si yé ou pat konnen ,apati de jodi a ou konnen ke OECH bezwen sipò pou achte materyél pou TIMOUN yo fé pratik nan pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN yo’’.OECH ap pwofite remésye piblikman Dr Michelot Dorcenat ak Mr Benoit Alexis,2 grenn sitwayen sa ki pwomét pou sipòte pwogram ‘’METYE GRATIS POU TIMOUN yo’’ e OECH ouvé ak sponsò.Rele nan 4273-4760/3764-7217
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH