Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 20 Me 2024
21e Edition de KOZE TIMOUN
Lektè mwen yo,bonjou/bonswa e byenvini nan 19e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘’’YON TIMOUN 3 ZAN MOURI ANBA BATON’’.se sijè trajik sa nap devlope Jodi a.
Anvan men m mwen antre nan sijè a,map patage avek nou rezilta 10e edisyon KONKOU BIBLIK la nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN YO.Dimanch 19 Me a,L’Eglise Enagelique la ‘’PORTE DU CIEL’’ des Gonaives te resevwa L’Eglise EMEVI e match sa te fini sou yon eskò (Score) de 135/140 an favè de legliz EMEVI.Kidonk legliz EMEVEdeja chita pou final,lap OECH oubyen Plenitude.
Nan 9e joune ,se ap 2e semi final la ki pral mete fas a fas l’Eglise Plenitude de Marottes ak OECH Dimanch kap 26 Me 2024 la..Koman sa ap ye ?Map kenbe ou enfòme.:
An nou retounen nan sijè nou an pou jodi a ki ‘‘‘’’YON TIMOUN 3 ZAN MOURI ANBA BATON’’Dram sa pase kay Tonton Sam jan yo toujou di l sa,sitou nan Foride.Yon dam ki rele Patricia Saintizaire 36 zan,ki manman adoptiv ti pitit sa ki rele Bryan Boyer.
Bryan Boyer,se yon tigason ki fèt nan peyi Dayiti,malerzman manman li pat vle pran li ko m pitit aprè li fi n akouche.Kesyon nap poze,nan ki sa TIMOUN nan responsab ,pou manman li fi n fè li epi pou l pa vle pran li ?
Aprè ke manman an Bryan fi n fè abandon an,sa vle di ke li pat pran l ko m pitit,yon lót dam ki te montre li trè prokipe de sitiyason tibebe a (Bryan Boyer),te komanse mennen demach kote pwóp sè li ki Eazini (Patricia Saintizaire).Aprè tout demach yo,mme Patricia te aksepte resevwa Bryan Boyer lakay li Etazini nan ane 2023 pou adopte li kom pitit.
Mekredi ki te 1e Mai a,Bryan sant li pa byen,yo menmen li lopital e touswit yo transfere li a Orlando Health,yon ti tan aprè li mouri.Pwiske moun sa yo se peyi yap fè,otpsi a montre kote Bryan pran anpil kou ki kondwa a lanmó li e yo men m jwen n nan kek video ki nan kay la kote Patricia te lage Bryan nan yon pisin
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH