Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASHÂ : 3764-7217Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â NATCASH: 4273-4760Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â ZELLÂ Â Â Â Â Â Â Â Â :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 2 Desanb  2024
49e Edition de KOZE TIMOUN
     Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  49e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
     Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘’YON EVÈNMAN SAN PARÈY’’
     Aprè tout obsèvasyon ak konsta sa yo ke OECH fè,nou di non,fòk TIMOUN yo  gen pwòp liv LEKÒL DIMANCH yo,e efektivman,dezòmè nou revolisyone e men renove sektè a kote pastè ak dirijan legliz yo pa gen tèt chaje ankò paske gen liv LEKÒL DIMANCH pou TIMOUN yo kounye a ki rele ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN ‘’.
Nan sans sa,ap gen ‘’YON EVÈNMAN SAN PARÈY’’,nan vil Gonayv Dimanch kap 8 Desanb 2024 a 4h PM pou VANT SIYATI liv lekòl Dimanch pou TIMOUN yo ki rele ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’ nan legliz Saintete a l’Eternel ki sou wout Nat No 1 an,aprè ou fi n kite kolèg Eben-Ezer.‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’prepare selon yon apwòch ‘’TEYOLOJIK KONTEKSTYALIZE’’.
Map pwofite remèsye tout pastè ki te déjà ap sèvi avek ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.1 ‘’ an legliz yo pandan ane 2024 la e nou konsanti gwo SAKRIFIS pou ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’ a gentan prè pou tout legliz ka gentan kòmanse itilize li depi nan premye Dimanch mwa janvye 2025 la.map remèsye tou Pastè Luc-Sander SUPERVIL ak Pastè Christophe PIERRE ki li epi reli dokiman sa anvan li soti ,sitou Pastè Christophe PIERRE ,prezida FRERH a ki prefase ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’.
‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’ pa sèlman yon satisfaksyon pou Pastè Dufeu ak OECH,men se yon satisfaksyon e men m yon viktwa pou tout paste,pou sektè evangelik la e pou tout sosyete a an general ,jan Pastè Christophe PIERRE di sa nan prefas li a , ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’ se yon dokiman konplè ke tout moun  dwe genyen nan bibliotèk yo.
Dimanch  8 Desanb 2024 a 4h PM,tout moun Gonayv geneyen yon sèl randevou: VANT SIYATI liv lekòl Dimanch pou TIMOUN yo ki rele ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.2‘’ nan legliz Saintete a l’Eternel ki sou wout Nat No 1 an,aprè ou fi n kite kolèg Eben-Ezer.Se ap  ‘’YON EVÈNMAN SAN PARÈY’’,nan vil Gonayv.
BYENVINI TOUT MOUN!
 A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH