Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media Réligion

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

 

Gonayv,le 9 Desanb  2024

50e Edition de KOZE TIMOUN

         Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  50e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

‘’VENTE SIGNATURE DU LIVRE LESON DOMINIKAL POU TIMOUN/No.2’’,se sijè entèresan sa nap devlope jodi a.

Zanmi lektè, ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN/No.2 ‘’,se yon liv LEKÒL DIMANCH pou TIMOUN ki prepare selon yon apwòch ‘’TEYOLOJIK KONTEKTYALIZE’’ .Vant siyati liv sa te fèt Dimanch 8 Desanb lan nan Vil Gonayv,e jan nou te prevwa l,se te yon evènman san parèy,popilasyon an te repon n ak randevou sa,kote pastè ak lidè legliz te prezan nan yon anbyans ekstraòdinè e men m moun ki pa kretyen pwotestan te repon n prezan.

Gonayv,gren n vil tè sale nan peyi Dayiti abitye fè diferans nan anpil domèn kote tout peyi pale de li,jodi a nan domèn  liv LEKÒl DIMANCH pou TIMOUN,Gonayv ap kontinye  fè pa li de li  sitou avèk liv la ki rele ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN/No.2 ‘’ ki pote yon diplis pou sektè pwotestan an kote tout ap di kounye TIMOUN yo gen pwòp liv LEKÒL DIMANCH yo.

VANT SIYATI  liv sa te fèt nan Gonayv,site endepandans la ,Dimanch ki te 8 Desanb 2024 la nan yon atmosfè solanèl e se te vrèman yon reyisit.Anpil pastè ki te prezan pat mete dlo nan bouch yo pou eksprime satisfaksyon e men m reyalize ke se yon viktwa pou sektè pwotestan an  ki vi n genyen liv LEKÒL DIMANCH enklizivman pou TIMOUN.

Mèsi ak Pastè ki te resevwa evènman sa ,mèsi ak tout pastè ki te prezan  e sa yo ki te voye ekip kap travay ak TIMOUN nan legliz yo.Mèsi ak pastè Luc-Sander,/pastè Olgens ki pran yon douzèn men ak ane pase,mèsi Me Renand Dervil,legliz Metodis Lib Belage,past. Dedèle ki pran 8,e map map siyen ,Me Renand Dervil di ‘’FELISITASYON PAST.DUFEU,MAP ANKOURAGE TRAVAY WAP FÈ A.

Pou rès peyi a,men ki kote ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN/No.2 ‘’  ap gentan disponib pandan wekend sa : Gwomòn ap ka pase nan biwo ligue la ki nan Kokoye.Plaisance du Nord,Biwo legliz Wesleyèn Samari ki nan ri Jan Jak Desalin,Mibale,biwo Misyon legliz Enangelik  Endijèn.Nou an kontak ak St Michel,Tènèv,Pòtoprens e mwen pral fè kontak ak tout res peyi a e men ak dyaspora.

Nou detèmine pou distribye liv ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN/No.2 ‘’ nan tout peyi a ak Gras Bondye.Pou lòt vil yo ,rele nan 4273-4760/3764-7217 pou tout kòmand.

 A swiv

 

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH