Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 16 Desanb  2024

50e Edition de KOZE TIMOUN

          Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  50e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

           Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

‘’UNE SITUATION DESASTREUSE’’,yon sije enpotan pou jodi a

Konpatriyòt mwen yo, TIMOUN yo nan peyi Dayiti tèlman ap viv move moman sitou pandan dènyè ane sa yo,nan OECH nou tèlman pa jwen n mo pou n eksprime sa TIMOUN yo ap viv la,nou oblige pale de ’UNE SITUATION DESASTREUSE’’.

          ’’UNE SITUATION DESASTREUSE’’ ke TIMOUN yo ap viv jodi a,se yon movèz mizannaplikasyon de la pense du pilote britannique Sterling Moss par les politiciens haitiens ‘’pour reussir quoi que ce soit dans ce jeu,vous devez etre prêt a vous aventurer dans les limites du desastre’’.

Sitiyasyon TIMOUN yo tèlman dezatrez,direktris UNICEF la la,Mme Catherine Russell ap repete nan tout gwo rankont nasyonal kou entènasyonal ‘’30 a  54% moun ki nan gang nan peyi a se TIMOUN ki poko men m gen gen 18 tan’’.Deklarasyon frakasant sa yo touche nou de manyè profond  nan OECH ,men ta sanble sa pa vle di anyen pou otorite nou yo.De tout fason,OECH ap mande UNICEF ki sa kap fèt pou TIMOUN yo soti nan sitiyason dezastrez  sa ?Tout gwo anbasadè yo,gwo fonksyonè ONU yo,responsab ECOSOC  yo,ki sa kap fèt pou TIMOUN soti nan sa yo ye  jodi a ?

Nan OECH ,nou konpran pozisyon anbasadè bòn volonte UNICEF la,Mr Jean Jean Roosvelt, ki li men m tou ap relate ke genyen 1.5 milyon TIMOUN ke twoub sivil ak vyolans nèg ak zam yo touche,men mesye  lanbasasè Mr l’ambassadeur),ki sa ki fèt,ki sa kap fèt pou TIMOUn yo soti nan ‘’UNE SITUATION DESASTREUSE’’ sa ?

Pandan anbasadè bòn volonte UNICEF  la, Jean Jean Roosvelt ap repon n kesyon sa,map fini avek panse  sa ,sitou pou politisyen nou ka reflechi ‘’D’une chose legere peut naitre un grand desastre’’.Cette pensee est de Leonard De Vinci,ingenieur et scientifique Italien.

 A swiv

          Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH