Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

 

Gonayv,le 23 Desanb  2024

51e Edition de KOZE TIMOUN

         Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  51e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

‘’24,31 DECEMBRE 2024,QUELLE PERSPECTIVE POUR LES ENFANTS ?’’,tel est le sujet a developper aujourd’hui.

Chè lektè , 24 ak 31 Desanb,se 2 dat adorab pou  TIMOUN yo nan peyi Dayiti .24 Desanb se veye Nwèl,men depi nan maten atmosfè a komanse change kote TIMOUN yo ta deja nan preparesyon pou fanal,filetwal,klorat,elatriye.31 Desanb men m nan ki se denyè nwit nan ane a,se toujou gwo koze.TIMOUN kon n ape de paran yo,tifi kou tigason nan prepare kay,pentire,lave,boule fatra,nan zòn andeyò yo men m te gen yon afè pase lacho oubyen tè jon,epi prepare pou reveyon epi nan maten,premye janvye pou TIMOUN yo mete ti rad Janvye pou al mande ‘’LAREZONNEN’’.

Malerezman,anbyans tradisyonèl sa yo,TIMOUN yo pèdi yo jounen jodi a sitou akoz fenomèn ensekirite a e  nap mande ki pèspektiv pou TIMOUN yo pandan fèt fen dane yo,24 ak 31 Desanb 2024 la ?

An reyalite,fanmi yo lage 2 bra balanse,men m sa yo ki gen chans pou yon fanmi/zanmi ta voye yon ti chocho pou yo nan difikilte pou yo jwen n li nan bank yo e men m nan mezon transfè yo.Non selman yo pap jwen n an ameriken ,men m an goud la yo kon n fè plizyè jou ap mache monte/desan n anvan yo jwen n li.

24,31 Decembre,quelle perspective pour les enfants ?De tout fason,avek ti sa ke nou genyen,kreye yon ti anbyans pou TIMOUN yo diyeman nan fason nou kapab.Map pwofite lanse yon SOS pou paran yo ka saire yo gen kontwòl TIMOUN ,pa montre nou se paran iresponsab.Atansyon chè paran !Gen TIMOUN ki gentan gen ajanda chage ak pwogram pandan fèt fen dane yo san ke ou men m kòm paran ou pa konnen.nan majorite ka,pwogram sa yo se pa pwogram ki onorab pou TIMOUN yo.Montre ou se paran RESPONSAB epi fè echèk ak pwogram sa yo,sinon ou ka kriye demen.

 A swiv

       Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH