Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 02/06/2025

22e Edition de KOZE TIMOUN 

          Byenvini zanmi lektè nan 22e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

          ‘’TIMOUN YO/LAJISTIS  FÈ YON BÈK ’’, se sijè sa nap devlope jodi a.

Chè lektè,nan eskandal seksyèl ki te eklate nan  Institution Mixte de Formation et de Recherche Rene Toussaint ki nan Delmas 60, kote direktè lekòl la ,ki se Mr Rene Toussaint te ansent yon ti elèv lekòl la ki genyen selman 14 zan.

Aprè yon aksyon an jistis ke yo te entante kont Mr Rene Toussaint,efektivman yo te arete kriminèl la,men pwiske li gen lajan,li te bay bay jij Merland Belabre yon kout kòb,sa ta pral fè jij Merland  te libere li. ,Presidan CSPJ a,Me Jean Joseph LEBRUN trouve desizyon jij Merland an se yon eskandal pou Lajistis.Non selman yo te sanksyone Jij Merland,finalman ,aprè yon seyans piblik 20  Me 2025 la,yo sispan n Jij la nan tout fonksyon li pou 3 zan.Desisyon sa se yon viktwa pou ti lezanj 14 zan sa ak fanmi li epi se yon viktwa pou lajistis peyi m.Donk, ’’TIMOUN YO/LAJISTIS  FÈ YON BÈK ’’.

Nan 4e edisyon KOZE TIMOUN ki te soti 28 Janvye 2025 la,OECH te pwomèt pou l te swiv dosye sa e nou te mande pou Ministè Edikasyon Nasyonal te retire pèmi lekòl sa oubyen pou lekòl la pa ekziste sou non Rene Toussaint ankò.

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan  oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

 

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.

Mèsi.