Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASHÂ : 3764-7217Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â NATCASH: 4273-4760Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â ZELLÂ Â Â Â Â Â Â Â Â :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 30 Desanb  2024
52e Edition de KOZE TIMOUN
     Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  52e   e dènyè edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
     Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘’ SOUP JOMOU POU TIMOUN YO ?’’,se sijè sa nap devlope jodi a.
Chè konpatriyòt , Mèkredi 1er Janvye 2025,se yon dat trè enpòtant pou tout peyi a ,pou tout Ayisyen ak pou TIMOUN yo an patikilye.Premye Janvye,non selman se premye jou nan ane a,men se tou fèt endepandans peyi Dayiti ke yo rele ‘’JOUR DE L’INDEPENDANCE’’ ki se yon jou istorik.
Istwa ki makonnen ak jou sa,se pwoklamasyon Endepandans peyi dayiti,kote nan seremoni sa a,Marie Claire Heureuse Felicite Bonheur,te prepare ‘’SOUP JOMOU’’ pou mari li ,ki se Dassalines paske li te konnen ‘’SOUP JOMOU ‘’ se te meyè pla pou li te prepare pou mari  li nan okasyon sa pou te kapab kenbe l pandan tout seremoni an..
Nou dwe pwofite bay TIMOUN yo anpil ‘’SOUP JOMOU’’ non selman paske li trè nitrisyonèl,men tou li makonnen avek kilti nou kòm pèp.Lè TIMOUN nan gen yon boul ‘’SOUP JOMOU ‘’ nan men l lap bwè premye Janvye,sa ap fè  grandi lakay TIMOUN nan lepriyotizm e ranfòse santiman libète a lakay TIMOUN nan.Ke ou te kretyen pwotestan ou non,pwofite bay TIMOUN yo ‘’SOUP JOMOU’’ si ou genyen.Konparativman ak moun kap fè alisyon ak anpil lòt bagay sou pretèks ke pwotestan pa ta dwe bwè ‘’SOUP JOMOU’’ ,e yo konnen sa yap di a pa biblik.
Chè paran,bay TIMOUN yo ‘’SOUP JOMOU’’ pou yo bwè souple e sesi se pa sèlman premye Janvye,paske lap bon pou kò e men m lespri TIMOUN yo.Map fè nou songe ke depi 2021,UNESCO rekonèt ‘’SOUP JOMOU’’ kòm patrimwan kiltirèl imateryèl de limanite (Patrimoine Culturel immateriel de l’humanite).
Pou fini,map pwofite patage tèm ane 2025 la avek nou ‘’UNE CONSECRATION RETROUVEE’’ (Juges 16 :22-30),pandan map pwofite swete ak tout TIMOUN ‘’BONNE ET HEUREUSE ANNEE 2025 DANS LE NOM DE JESUS-CHRIST’’.Map pwofite ‘’REMÉSYE’’ epi swete ‘’BÒN ANE 2025’’ a Radio Vison 2000,Radio Tele TOP,Radio Decibele, ,Emission Connexion,Emission K-Four des Enfants ,Radio Antenne Continentale,Radio Rapha,ak tout lòt Radio ke mwen pa site la e ke map mande ak direktè Radio sa yo notifye mwen pou m ka mete Radio sa yo nan lis ofisyèl radio yo.’’BÒN ANE 2025’’ a l’Eglise Evangelique la ‘’PORTE DU CIEL ‘’de Gonaives,le staff et les membres du Cadres de l’OECH et du CEFOPEG,Policlinique de l’Avenir et Dr Grenson Jeune,a tout paran,zanmi ,fanatik ,oditè ak entènot ki renemen KOZE TIMOUN.
A swiv!
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH