Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 12 /05/2025

19e Edition de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè ,mwen kontan pou m rezante ou  19e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

         ‘’TIMOUN YO KAPAB ’’, se sijè  sa nap devlope jodi a.

Gwo  KONKOU DE TÈKS  kap dewoule anba tèm ‘’PWOBLÈM ENSEKIRITE A NAN APRANTISAJ TIMOUN YO’’  ki  konsène elèv ki nan 2e ak 3e sik Fondamantal epi sa yo ki nan nivo segondè ke OECH òganize pou prepare 24e Kongrè nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN yo, ap mache trè byen avek patisipasyon 25 kandida ki soti nan diferan etablisman nan vil Gonayv.

Nan premyè joune a déjà gen 4 kandida ki kanpe  nan wout ,sa vle di ki tonbe nan konkou a .Se pratikman yon kandida nan 2e sik,2 kandida nan 3e sik ak yon n nan segondè ki soti siksesivman nan Ecole Mixte Evangelique dHaiti des Gonaives,Institution Mixte la Ruche des Gonaives ak institution Mixte Robert Titus des Gonaives.

OECH ap pwofite salye kolaborasyon direktè lekòl sa yo ki déjà montre ke y opa regrèt patisipasyon yo nan gwo inityativ sa ke OECH pran pou ankourage elèv reflechi selon reyalite moman an nan zafè ledikasyon ,sitou avek manb jiri yo ki a gen eta dam epi ki pa gen eta dam nan jijman yo.

Atravè gwo KONKOU DE TÈKS  sa,OECH ofri TIMOUN yo yon posibilite anplis  pou yo reflechi sou 2 aspè kle nan sosyete a ki se EDIKASYON ak ENSEKIRITE

Yon lòt kote,jiri a ki prezide a Enspektè Ilram LOREMA estime ke TIMOUN yo gen anpil  potansyalite,selman yo bezwen plis moun ki pou panse pou yo tankou jan OECH ap fè l la kwak  anpil fwa OECH a jwen n konpreansyon .De tout fason,yo déjà atake 2e joune a avek eksresyon sa   ‘’KE LE MEYÈ GAY’’.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.