Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 24/03/2025
12e Edition de KOZE TIMOUN
Zanmi lektè,yon aksyon malonèt anplis sou TIMOUN yo revolte nou nan l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN.
Aksyon sa pase nan yon zò ki rele Anglad ,Yon ti fi ant 5 a 6 zan ki rele Nael,yon jwen n li san konesans ak kò li plen mak kout frèt,li konfime ke se yon tonton l ki mete l nan kondisyon sa.
Erezman,te genyen kek bon samariten ki te kouri ak Nael nan lopital Justinien Okap Ayisyen ,e efektivman lopital la te prè pou ba li premye swen ke ka li nesesite.Bravo lopital Justinien du Cap Haitien pou BAQ sa.OECH DWA TIMOUN ap pwofite mande ak tout sitwayen konsekan nan peyi a ak tout enstitisyon piblik kou prive, toujou mobilize pou bay sa yo ki plis vilnerab nan sosyete a,sa vle TIMOUN yo sipò chak fwa yo nan nesesite,franchman nou pap pèdi sa ni nou pap regrèt.
Fas ak deriv/krim sa l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN.,ap mande tou otorite POLISYÈ ak JIDISYÈ nan Nò peyi dayiti pou mobilize pou jwen n prezime sasen kriminèl sa ki mete Nael nan eta sa ,pou li ka jwen n sa lalwa rezève pou li nan ka sa,sitou li geneyen enfliyans/otorite sou ninè a.
L’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN,pap bese le bwa,nap kontinye goumen pou DWA TIMOUN respekte nan peyi a.,
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.