Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASHÂ : 3764-7217Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â NATCASH: 4273-4760Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â ZELLÂ Â Â Â Â Â Â Â Â :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou
Gonayv,le 13/01/2025.
2eme Edition de KOZE TIMOUN
     Zanmi konpatriyòt,nou kapab konstate ke de jou an jou Ayiti ap rapwoche li pi plis de peyi frè li ki se Lachin.Natirèlman ,nan mond la,Lachin se peyi ki plis peple.paske fan m chinwaz yo ,lè yo di yap fè pitit se pitit yap fè.Nan yon sèl gwosès,fan m chinwaz yo ka bay pòte 6,7,8 e plis nan yon akouchman ,se sa ki fè,an 2024 yo te estime ke peyi Lachin te rive a 1,5 milya abitan.Majorite moun nan popilasyon chinwaz la ap viv nan zòn riral yo pandan yo mete anpli aksan sou yon forte migrasyon vers Peken,kapital la.
Nan peyi Dayiti ,gen yon dam ki rele Sandra Louis avek mari li ki rele Nicodeme Pierre ki fèk remèt yon rekò kote Sandra fè 4 TIMOUN yon sel kou,sa vle di  yon pòte 4 nan yon akouchman aprè yon gwosès 7 mwa.Papa Bondye ki nan syèl la te bay medsen yo anpil ladrès pou te byen gere akouchman sa ki fè jounen jounen jodi a,Sandra Louis ak  4 ti bebe yo an plènn sante daprè enfòmasyon ke OECH ka fè konfyans.Se yon mirak melange ak yon sipriz pou yon moun ki manman pou premyè fwa ap bay 4 ti bebe  tete yon sèl kou.
Nan sans sa,OECH/DWA TIMOUN ap mande ak Leta Ayisyen pou bay Sandra Louis ak Nicodeme Pierre tout sipò posib pou garanti avni 4 TIMOUN sa yo jan lalwa mande l la.
A swiv
     Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH