Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou
Gonayv,le 24/02/2025
8e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 8e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
‘’YON KRIM SAN PARÈY’’, se sijè trajik sa nap devlope jodi a.
Chè konpatriyòt,nan 10 dènyè ane sa yo,yo klase Ayiti pami peyi ki gen yon to de kriminate trè elve.Men dènyè aksyon sa mete Ayiti an tèt de lis an matyè de kriminalite/mechanste ‘’LAGE YON TI BEBE 2 MWA NAN DIFE’’.Gen yon etid ki fèt,nan 50 peyi nan mond lan ki gen plis vyolans ak mechanste,Ayiti an tèt de lis,e yo mete Ayiti an wouj nan rezilta etid sa ki fek pibliye.
Generalman TIMOUN se senbòl dinosans.Lè yo di ke TIMOUN se senbòl dinosans,fòk mwen ta remonte nan sa ke teyolojyen yo rele ‘’les 7 dispensations’’ epi presize ke premyè dispansyon an se dispansasyon dinosans (dispensation d’innocence’’,ki tradwi eta lòm nan jaden Dedèn (Jardin d’Eden).
Kriminalite a telman elve nan peyi Dayiti,yo bliye si TIMOUN se senbòl dinosans,jiskaske yo pran yon ti bebe 2 mwa yo lage nan yon flan m dife, kote manman ti bebe sa ki rele Eliana THELEMAQUE,te fi n tèlman pat ka sipòte krim sa,li te rive mouri limen m tou.
Sèn òrib (scène horrible) sa pase Kenscoff,aprè bandi yo fi n masakre popilasyon an,Eliana THELEMAQUE,yon jèn manman ki te jwen n posiblite pou li te sove tèt li ak tibebe 2 mwa pandan ke papa Eliane te déjà mouri nan menm masak sa.Mesye gang yo pran tibebe a lage l nan flan m dife a,men m kote a Eliana vi n pèdi bon sans li lè yo rive nan Komisarya Petyo-Vil la avek li.Anba yon twomatiz san parèy,Eliana ap repete san sès : ‘’mwen tande vwa tibebe m nan kap kriye nan dife,pito m mouri’’.Finalman ,nan lanwit 14 Fevriye 202,Eliana rive mouri an Komisarya a.
Sa a,se rezilta politisyen san konsyans ki te kon n bay jè n gason za m pou fè eleksyon pou yo.Map fini avèk pwovèb Kreyòl sa : ‘’chimen bouton se chimen maleng’’.
L’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN,kap goumen pou fè RESPEKTE epi PWOTEGE DWA TIMOUN nan peyi Dayiti mande JISTIS POU TIMOUN YO.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.