Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 03/03/2025

9e Edition de KOZE TIMOUN

Byenvini zanmi lektè nan 9e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

 ‘’TERRIBLE ACCIDENT DE CIRCULATIONN DANS LE MILIEU SCOLAIRE DES GONAIVES’’, tel est le sujet developpe aujourd’hui.

Sikilasyon nan peyi Dayiti e sitou nan vil Gonayv bay gwo tèt chage :ineksperyans chofè kamyonèt ak moto taksi yo,feblès Leta nan nivo Lamèri ki aksepte tout lari a se mache,totwa transfòme an sipèmakèt,efektif redwi polis sikilasyon ki nan lari a,avaris chofè kamyonèt ak taksi moto yo ki plis entèrese ak gren n pasagè pou l gentan al depoze l pou l jwen n lòt,espri pleziyis ti elèv lekòl yo ak chofè taksi motosiklèt yo ,se kèk nan rezon ki fragilize sikilasyon an nan Vil Gonayv.Sa vi n ran n ke pèsòn pa alabri e kosekans lan se des pertes en vie humaines ke nap anregistre preske chak jou.

Aksidan sikilasyon ki plis resan ki mete dlo nan je anpil moun nan vil la,TIMOUN kou granmoun se sa ki pase Jedi 27 Fevriye 2025 la nan vil Gonayv,kote tout moun  te ka konstate ti elèv 8e A.F sa,san nou pa bezwen di nan ki lekòl, ki bliyi sou do avek inifòm lekòl li sou li,bèg li nan do l ,men elas ki pèdi la vi li nan tèrib aksidan sa.

Sa te ka rive nenpòt moun paske aksidan rete aksidan,men anpil fwa pa gen baliz.Gen yon fenomèn kote ti elèv yo monte taksi moto epi di chofe ‘’ban m gaz pou 500 Goud mwen nan frennen paske mwen pa gen pitit avè w’’.Lè konsa chofè a ap pese epi ti elèv yo men m kage dèyè san kenbe ap fè bwi paske radyo yo louvri tout volim avek mizik rabòday /rap.Men mezanmi kesyon OECH ap  poze se :kote Lapolis ak Lameri ?

Mwen men m Pasteur Dufeu,mwen di sa tout tan nan emisyon mwen yo,li pa posib pou devan 2 gren n je Lapolis pou chofè taksi moto a ap pase avek 3,4 e men m 5 TIMOUN sou yon motosiklèt,li pa posib pou devan 2 gren n nan wè Lapolis pou chofè motosiklèt la ap pase avek volim radyo li ouvè tout volim konsa.Li se yon dange pou chofè taksi a,pou moun ki dèyè l la e men m pou rivren yo an general ki pap ka tande lè yon machin ap klaksone.

l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN,kap goumen pou fè RESPEKTE epi PWOTEGE DWA TIMOUN nan peyi Dayiti ap mande pou Lapopo fè travay li avek plis pwofesyonalis,chofè taksi moto mwen yo,zanmi m yo ,se pou nou konnen nou pa gen vi de rechanj,paran yo displine TIMOUN yo davantaj e nou men m TIMOUN yo se pou nou konnen ke se nou men m ki avni peyi .

A swiv

          Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

          Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.