Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 21/04/2025
16e Edition de KOZE TIMOUN
Zanmi lektè,jan nou te evoke sa nan 14e edisyon an, ensekirite galopant sa pa selman kreye ensètitid nan fen ane eskolè sa,men generalman li se yon faktè kle nan aprantisaj TIMOUN lekòl yo.Se rezon sa ki fè,nan okazyon 24e KONGRÈ TIMOUN yo,soti 6 pou rive 8 Jen 2025 la, , l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ap òganize ankò ane sa yon gwo KONKOU DE TÈKS sou tèm sa ‘’PWOBLÈM ENSEKIRITE A NAN APRANTISAJ TIMOUN YO’’.
Gwo KONKOU DE TÈKS sa ki konsène elèv ki nan 2e ak 3e sik Fondamantal epi sa yo ki nan nivo segondè.Atravè gwo KONKOU DE TÈKS sa,OECH ofri TIMOUN yo yon posibilite anplis pou yo reflechi sou 2 aspè kle nan sosyete a ki se EDIKASYON ak ENSEKIRITE
Ban m presize pou nou ke objektif KONKOU DE TÈKS sa se ‘’ankourage TIMOUN yo LI ak EKRI .Nan KONKOU DE TÈKS sa,tèks 3 premye loreya yo ap pibliye sou sit entènèt OECH la ki se :www.oech.org Sepi yo chak ap resevwa yon tablèt nan gwo final la kap fèt nan Alyans Fransès Gonayv la jou kap dimanch 8 Jen 2025 la nan okazyon JOUNEN NASYONAL TIMOUN yo.
OECH envite direktè lekòl yo pou montre enterè pou aktivite entèlektyèl sa,pwiske se direksyon lekòl yo ki dwe enskri kandida yo.Tout direksyon lekòl ki manifeste dezi pou yo ta patisie nan KONKOU DE TÈKS sa,yo kapab pase nan biwo OECH la ki nan ryèl Efèz #20/Asifa oubyen rele nan 4273-4760/3764-7217.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH, :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.