Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Santé

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 18/02/2025

7e Edition de KOZE TIMOUN

          Byenvini zanmi lektè nan 7e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

          Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

           ’’KÈK  REZON KI FÈ MANMAN YO DWE BAY TI BEBE YO TETE’’ (swit),  se sijè entèresan sa nap devlope jodi a.

Chè lektè,semèn pase a,mwen te komanse pale  nou de  ’’KÈK REZON KI FÈ MANMAN YO DWE BAY TI BEBE YO TETE’’ jodi  a ankò ,OECH ap  kontinye konseye manman yo pou bay ti bebe yo tete jiska 2 zan e men m plis,paske li avantage pou ti bebe a,pou manman an e men m pou papa a.Men kèk lòt rezon anplis de sa mwen te bay déjà yo :

4-Lèt la toujou prè,ou pa nan bouyi ni chofe,ou pa nan esterilize boutèy.Alètman diminye risk pou manman an soufri sa moun save yo rele ostewoporoz (Osteoporose) ,kansè nan tete ak nan ovè (ovaire)

5-Alètman an ede sou plan ekonomik ;ou pap bezwen kòb pou w achte lèt vire tounen ni pa gen nesesite pou w nan prepare bibwon.

Tay oubyen grosè tete a pa vle di anyen.Ou gen gwo tete tibebe a ap jwen n lèt,ou gen ti tete tibebe a ap jwen n lèt.Etid yo montre ke tete a komanse prepare pou l bay lèt byen bonè nan gwosès la e depi nan 2e trimès la tete yo gentan prè pou bay kolostwòm  (Colostrum) nan ,sa yo rele premye lèt la.

6-Alètman ede manman an pou l mache fi two bone,men fòk mwen di w tou ou ka tonse ensent men m si ou pa ta wè règ la.

7-Yon manman ki fè alètman pèmèt lyen afektif tibebe a plis devlope e sa kapab ede manman an pèdi pwa li genyen pandan moman gwosès la,Sa trdwi yon depans kalorik anplis ki ka estime ant 200 a 500 kalori pa jou.

8-Lèt manman an se sèl mange oubyen likid ke tibebe a bezwen pandan 6 premye mwa yo.Aprè 6 premye mwa yo,ou ka bay ti bebe a lòt mange ki apwopriye,men lèt manman an rete kòm sous nitrisyon ak pwoteksyon pou bebe a.

9-Lèt manman an pa gen pyès pwodwi chimik ladan n ki kapab nwi ak santé tibebe.

10-Alètman matènèl pèmèt ke gen kek kote yo bay manman alètant 1e de tan pa jou nan travay yo pou bay tibebe yo tete padan 2 fwa a rezon de 30 minit pandan 2 fwa nan jounen an,e kek kote yo amenage yon espas men m pou manman yo bay tibebe yo tete.

Mwen pa ka fini san m pa di w sa :li pa konseye pou yon manman ap bay yon lòt tibebe te,paske sa gen gwo dange ladan n.Olye pou w ta kite vwazin nan bay tibebe w la tete,pire lèt la nan yon resipyen ki pwòp epi kite pou tibebe a paske li ka rete pou 8tè de tan pou pipiti san pwoblèm.

Manman yo, OECH ap konseye nou fè alètman souple.Jèn manman yo kap di tete yo ap long/ap tonbe.Verite a ,si ou vle rete ak tete doubout,pa fè pitit ni pa fè sa moun fè ki fè moun fè pitit.

A swiv

        Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

         Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.