Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv ,le 10/03/2025
10e Edition de KOZE TIMOUN
Zanmi lektè,nap devlope yon sijè trè paradoksal jodi a, ‘’VOS ENFANTS,VOS ACTIONS’’.Pou n konpran n paradòks sa ,aksepte mwen site Prezidan Senegal la,Bassirou Diomaye Faye ‘’Je ne veux vraiment pas de mes photos dans vos bureaux,car je ne suis ni Dieu,ni une icone,mais plutôt un serviteur de la nation.Accrochez plutôt les photos de vos enfants et regardez –les a chaque fois que vous voules prendre une decision,a chaque fois l’esprit de detournement vous visite’’.
Avek pawòl sa yo,mwen vle fè nou konnen ke TIMOUN nou yo se miwa nou e se vitrin nou.Sa vle di nou ka gade tèt nou atravè TIMOUN nou yo ,men tou lòt moun ka wè TIMOUN nou yo atravè nou.Pwiske yo ka TIMOUN nou atravè nou,sa mande pou nou mezire /kontwole aksyon nou,paske gen aksyon nap poze jodia,yo pral gen gwo konsekans sou TIMOUN nou yo demen.Se poutèt sa,OECH ap mande nou,chers parents ,chak fwa nou genyen pou nou poze yon aksyon,panse ak TIMOUN nou yo.
Map fè nou konnen ke TIMOUN yo se avni peyi a,men dns une certaine mesure ,se nou men m ki pou prepare wout la pou yo.malerezman ,anpil paran pa konpran n sa,paske si paran yo te konran n sa konsa,gen bagay yo pa tap fè,yo pa ta boure men nan kès Leta tout longè konsa,e men m sa yo ki nan enstitisyon prive yo antre nan malvèsasyon,detounman de fon ak kòripsyon nan tout sans.
Chè paran,nan lide pou kontinye goumen pou fe RESPÈ ak PWOTEGE DWA TIMOUN YO, OECH ap ankourage nou medite chak jou pawòl prezidan Senegalè a ,Mr.Diomaye pou nou toujou panse ak TIMOUN nou yo chak fwa nou genyen pou nou poze yon aksyon.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.