Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASHÂ : 3764-7217Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â NATCASH: 4273-4760Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â Â ZELLÂ Â Â Â Â Â Â Â Â :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 27/01/2025
4e Edition de KOZE TIMOUN
     Byenvini zanmi lektè nan 4e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
     Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
     Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu) chak Lundi ak Vendredi 9h15 nan aswè sou Radio Vision 2000 (98.1) rezo Latibonit la ak sou Chanèl Youtube epi sou paj FB  l’OECH la ak sou sit Web de l’OECH ki se  www.oech.org ,ak sou anpil lòt Radyo.
’’YON TIMOUN 14 ZAN ANSENT POU PWÒP DIREKTÈ LEKÒL LI.se sijè tris sa nap devlope jodi a
Zanmi lektè,anman ak papa pitit,nan OECH nou di ou sa chak jou e nap kontinye di nou sa kòm avangadis,lavi TIMOUN yo ap vi n pi fragil chak jou sitou avek atoufè san manman,san moralite sa yo ki trouve yo nan tout kouch nan sosyete a.Chak fwa yon TIMOUN viktim de kelkeswa zak la,li touche nou jis nan zo nan OECH.Sa pouse nou pou nou mande paran yo pou pran plis prekosyon posib e mande Lajistis ak Lapolis pa neglije fouke vyolè/agresè/kadejakè yo epi aji ak yo san enpinite.
Koman nou ka konpran n,yon direktè lekòl kouche pwòp elèv li jiskaske li ansent ?Sak pi mal la,yon ti lèzanj ki genyen selman 14 zan.Dram sa pase andedan Institution Mixte de Formation et de Recherche Rene Toussaint ki nan Delmas 60,e se Mr Rene Toussaint menm,direktè lekòl la ki poze lapat sou ti pitit la ki ansent li.
Aprè ak la,paran yo pran kouraj yo a 2 men yo pote plent ,e efektivman yo arete kriminèl la ki se Rene Toussaint.Pwiske msye gen kòb,li bay jij Merland Belabre yon kout kòb.Kòm nou konnen anpil nèg isi pap fè bak devan kòb,majistra enstriktè a,Me Merland libere Mr Rene Toussaint.
Erezman ,paran minè a te pran yon gwo avoka ki repite pou sa li ye a,ki se ansyen SenatÈ LwÈs la,Me Jean Renel CENATUS,ke anpil moun rele ZOKIKI ,ki pran LAPRÈS epi pote plent pou jij Merland,jiskaske ,Presidan CSPJ a,Me Jean Joseph LEBRUN trouve desizyon jij Merland an se yon eskandal pou Lajistis,kifè nan moman map pale a la jij Merland tonbe anba sanksyon pou 3 mwa,annatandan li pase devan tribinal disiplinè pou yo estatye definitivman sou ka li ya.Bravo Lajistis peyi m ki fè yon kou.Nou pa jwen n sa yo fasil,se sa ki fè lè nou resi jwen n yo , nou di se mirak.
OECH/DWA TIMOUN bat bravo pou CSPJ e sitou pou Presidan an,Me Jean Joseph LEBRUN ki déjà sanksyone jij Belabre,OECH men m mande pou sezi lisans lekòl sa yon fason pou li pa fonksyone sou non sa ankò paske li senbolize lawont epi kanta Mr Rene Toussaint,fòk li jije kòm kriminèl,paske se yon krim lè ou vyole seksyèlman yon minè,sitou lè ou gen infliyans/otorite sou li.
Map raple ke jij Merland Belanbre,se yon n nan jij ki te deziste nan dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel MOISE la,se men m li men m ki libere Mr Rene Toussaint ki ansent yon ti TIMOUN lekòl li a ki genyen selman 14 zan.
Map fini pandan map di paran yo pa neglige pote plent lè TIMOUN nou viktim seksyèlman anba men bouwo yo.Se yo ki pou pè,se yo ki pou pa ka mache sou moun ankò aprè ak yo a,e nou nou men m nan sosyete a se pou nou sispann stigmatize TIMOUN ki sibi VYOLANS AK AGRESYON SEKSYÈL yo.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH