Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 1er Juillet 2024
27e Edition de KOZE TIMOUN
Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan 26e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘’’INIFòM LEKòL MWEN SE FYETE M’’.Se sijé sa nap gade ansan m jodi a.
Zanmi lekté,,anpil TIMOUN lekòl pa montre fyète (fierte) yo pou inifòm lekòl yo pote a.Okontré yo,yo eskandalize (scandaliser) lekòl yo nan fason yo aji.Lè konsali se yon wont pou TIMOUN nan yon wont pou paran li e yon wont pou lekòl li a.
Koman yon elèv lekòl ka pran plim oubyen fet pou lap sal infòm lekòl la pandan lap ekri tout sa li vle sou inifòm nan ,san li pa gen krentif pou paran li e men m pou direksyon lekòl la ?Tout TIMOUN ki pran plezi pou ekri/sal inifòm yo nan fason sa,se TIMOUN kip a respekte tét yo,ni paran yo ni direksyon lekòl yo.
Nan sijé jodi a ‘’’INIFòM LEKòL MWEN SE FYETE M’’map fé nou konnen ke mo fyète (fierte ) a vle di ‘’santiman de diyite/oné/satisfaksyon legitim (sentiment eleve de dignite/honneur/satisfaction legitime).Ki donk.pote yon inifòm lekòl se pa yon jwét e sa vle di anpil bagay.
Inifòm nan tradwi yon lide dapatenans (d’apprtenance) men m jan ak ekipman yon ekip.Nan kopa Amerika,fanatic Argentine yo sot fé defile avek mayo Argentine sou yo.Fanatik Brezil yo fél men m jan .Moun nan pa bezwen ouvé bouch li pou w konnen pou ki ekip li ye,sa li mete a gentan di men pou ki ekip li ye.Sa sa nou rele ide dapatenans.
Chache konnen rezon ki fé yon TIMOUN ka rive sal inifòm lekòl li konsa.Mwen garanti w,gen kek paran,ou met peye TIMOUN nan li pap pran chans ekri sou inifòm likonsa tou gen kek lekòl ou pap jwen n elév li yo kap sal inifòm yo .Kreyòl pale ,kreyòl konpran n.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH