Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 8 Jiye 2024
28e Edition de KOZE TIMOUN
Zanmi mwen yo,apré reyalizasyon 23e kongré TIMOUN soti 7 pou rive 9 Juin 2024 la sou tém ‘’AN N BAY TIMOUN YO YON CHANS’’ nan okazyon ‘’JOUNEN NASYONAL TIMOUN YO,OECH pa chome,li deja mobilize tout resous li pou kontinye bay TIMOUN yo ankadreman selon MISYON ak VIZYON li.
Selon apwòch olistik (hollistique) li,OECH wé TIMOUN nan tout globalite/entegralite yo.Nan sans sa,pou li ran n operasyonél tém ane a ki se ‘’AN N BAY TIMOUN YO YON CHANS’’,OECH ap kontinye bay TIMOUN yo metye gratis ankò pandan vakans 2024 la vya (via ) Centre de Formation Professionnelle des Enfants des Gonaives (CEFOPEG) ki se bra teknik OECH/pwofesyonel OECH.CEFOPEG se yon antite nan OECH ki responsab fòmasyon teknik ak pwofesyonel TIMOUN yo,sitou chak vakans.
Ché paran,men kek KOU OECH ap bay TIMOUN yo gratis vya CEFOPEG pandan vakans 2024 la :
Karelaj (carrelage),Kosletoloji (Cosmetologie),Mawokinri (Maroquinerie),Teknik animation Radyo (Technique d’Animation Radio),Teknik Windòz (Technique Windows,Videografi (Videographie),kaligrafi (Calligraphie),Dekorasyon (Decoration) pou m site sa yo selman.
Fòk mwen di nou ke enskripsyon yo deja ap mache,men pòt CEFOPEG ap ouvé ofisyélman 16 ak 17 Jiyé 2024 avek seminé ‘’TECHNIQUE D’ANIMATION RADIO’’ kap dire 2 jou (9h-12h),epi kou entansif yo ap komanse 19 Jiyé a 9h AM.Pa kite TIMOUN yo chita san yo pa apran n anyen pandan vakans lan,sitou avek CEFOPEG kap bay TIMOUN yo metye gratis.
Pase al enskri nan biwo OECH la ki nan # 20,ryél Eféz /Asifa,oubyen rele nan nimewo telefòn say yo pou w ka jwen n plis enfòmasyon:4199-2254 /3552-4456 /5542-4754.
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH