Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760 ZELL :5 61-889-6666
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 28 Oktob 2024
44e Edition de KOZE TIMOUN
Chè lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan 44e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
‘’TIMOUN YO AP SIBI VYOLANS GANG AME YO’’,se sijè sa nap devlope Jodi a
Chè lektè, kòm nou kapab konstate li,nan peyi Dayiti,depi plizyè ane TIMOUN yo ap sibi inosamman vyolans gang ame yo devan je otorite yo nan peyi a,kote men m tou,otorite yo parèt enpwisan devan sitiyasyon an,kwak gen anpil moun ki pale de mank de volote otorite yo melage ak konplisite kominote entènasyonal la
Nan yon dyalòg entèaktif avèk expè (expert) ONU yo sou kriz kap sakage bil peyi Dayiti yo,Amnisti Entènasyonal (Ammesty International) montre ke li vrèman preyokipe pa sa kap pase nan peyi a ,vyolans pèp la ap sibi anba men gang ame yo,sitou TIMOUN yo ki parèt plis vinerab chak jou Bondye .
Devan vilnerablite TIMOUN yo kap sibi vyolans anba men kriminèl ame yo,Ana Piquer,direktris pou peyi Amerik yo (pour les Ameriques) nan Amnisty Entènasyonal ,fè yon deklarasyon tèrib konsènan TIMOUN yo yap fòse poutravay nan baz gang yo :pou sèvi antèn,al chache enfòmasyon,veye otag yo,fè mange pou yo,,malgre tout sa yo kòn vyole TIMOUN yo seksyèlman,tifi kou ti gason.Gen nan TIMOUN sa yo ki rive deplase kite zòn sa yo,men gen anpil nan yo kòn pa konnen e pa genyen pyès kote pou yo ale ,sa fè yo kòn oblige rete andeyò de volonte yo.
Toujou daprè Madam Ana Piquer,direktris pou peyi Amerik yo (pour les Ameriques) nan Amnisty Entènasyonal ,,’’vyolans la devastatris e TIMOUN ap peye pri a’’.Li pale de sa kip ase nan depatman Latibonit la ,sitou nan Ponsonde kote chif ofisyèl yo mansyone 70 moun ki pèdi lavi yo,pami yo yon kantite TIMOUN.
Nan sans sa,pandan nap avanse pou nou rive nan dat 20 Novanb la n ki se JOUNEN ENTÈNASYONAL DWA TIMOUN ‘’ , L’Organisation des Enfants Chretiens Haitiens (OECH) kò m oganism de defence et de Protection des Droits de enfant ap lanse yon SOS bay otorite yo nan peyi Dayiti ak kominote entènasyonal la pou DWA TIMOUN yo nan peyi Dayiti ka respekte.OECH ap mobilize tout resous li pou reyalize 12e edisyon KARAVAN SEMÈN DWA TIMOUN,soti 17 pou rive 24 Novanb 2024 la pou kontinye sansibilize popilasyon sou DWA TIMOUN yo
A swiv
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH